Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons:
-Lendi 19 me 2025: Randevou 7:30am nan Flanbwayan pou bis k ap mennen nou nan pelerinaj pou anivèsè nesans Vanyan Malcolm X nan jou ki ta fè li 100 lannen
-Madi 20 me Konsitisyon 1805, 7pm nan lokal Flanbwayan Haitian Literacy Project pou n selebre 220 lannen Konstitisyon Papa Desalin nan
-Mèkredi 21 me 2025, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA nan 45th St & 1st Ave nan Manhattan pou n denonse enjerans ak vyolans Etazini ak Nasyonzini kont peyi nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Èske granpapa nouvo pap la te Ayisyen oswa Dominiken? Ki sa sa chanje nan reyalite nou jodi a?
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou sa k ta dwe priyorite pou moun k ap goumen nan kominote a jodi a
Nou sonje mizisyen "Ti Manno" (Emmanuel Jean Baptiste); jodi 13 me 2025 la fè 40 lannen depi li fè travèse li nan laj 31 an
Ti koze ak pitit nou Amadou Andre ki manm nan òganizasyon "Black Men Build" k ap òganize otobis pou n al rann omaj pou Malcolm X lendi k ap vini an ansanm ak Eritye Papa Desalin ak UNIA
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons