Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Nou pa p janm bliye 7 fevriye; Emisyon espesyal sou Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Fòk tout moun k ap viv Ozetazini ki pa genyen kat rezidans pèmanan oswa sitwayènte Meriken genyen yon "Plan B"; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pa p janm bliye 7 fevriye 1986
Nou pa p janm bliye 7 fevriye 1991
Emisyon espesyal Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
-Fòk tout moun k ap viv Ozetazini ki pa genyen kat rezidans pèmanan oswa sitwayènte Meriken genyen yon "Plan B"
-Enpòtans pou kominote Ayisyen an kore òganizasyon nou yo k ap travay pou pwoteje sa ki vilnerab yo
-Enpòtans pou nou pote kole ak lòt kominote ki kanpe djanm anfas pwojè ranmase epi depòte imigran ki pa blan Ozetazini yo
Anons