Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvo Prezidan Meksiken an ap vann anyon prive laprezidans la pou ede malere lakay li pandan Jovenel Moise ki gen plizyè milye sitwayen lakay li k al chache lavi miyò Meksik fwete avyon prive pou l al flannen
Nan okazyon 7yèm anivèsè travèse Vanyan Sonia Pierre jodi 4 desanm nan, sè nou Altagracia Jean Joseph retounen ak segman retounen ak segman Repòtaj Kay Vwazen an
Ti koze ak konpatriyòt Martial Bonhomme sou lavi ak travay konpatriyòt Emile Pierre ki fè travèse li samdi 24 novanm ki sot pase a
Jodi 4 desanm 2018 lan fè 20 an jou pou jou depi premye Brigad Medikal Kiben yo te debake nan peyi nou: Ti koze ak sè nou Rheza Boucard ki se yonn nan responsab Klib Zanmi Kiba nan Sidès lan
Anons
-Mèkredi 9-10pm: Emisyon KOMOKODA nan Radyo Pa Nou
-Jedi, 3-6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan konsila Aysyen an, 815 2yèm Ave, Manhattan
-Jedi 7:30-10pm: Musically Thursdays nan Restoran "La Caye" ak Prince Guetjens, 35 Lafayette Ave, Brooklyn
-Vandredi, 7pm: Vandredi Anba Tonnèl @ Flanbwayan, 208 Parkside Ave, Brooklyn