Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou pase nouvo deklarasyon KOMOKODA sou kalfou peyi nou twouve l ladan l jodi a
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki vin jwenn nou
Nouvèl
-Rene Sylvestre ki se prezidan tribinal kasasyon an pran pozisyon ak Jovenel Moise; Li di jij pa gen dwa foure djòl yo nan politik
-Enfòmasyon k soti sou gwoup ki jwenn lajan nan men Councilmember Farah Louis montre aklè pou ki sa KOMOKODA te mande kominote a pa vote pou li
-Chanm Depite Meriken an vote nouvo "stimulus" 1.9 trilyon dola a
-Gen yon 6yèm fanm ki pote akizasyon agresyon seksyèl kont Gouvènè New York la Andrew Cuomo
Liy ouvè ak oditè yo
-Hackers rive rantre anndan yon sistèm stokaj videyo an dirèk konpayi Verkada k ap jere dokimantasyon enstitisyon leta, lopital ak biznis atravè lemond
-Pi gwo chèf militè Meriken nan zòn Lachin fè konnen Chinwa yo devlope yo yon michan misil ki gen kapasite detwi gwo batiman pòt avyon jiska 1500 kilomèt distans
-Pòt pawòl Mezon Blanch la anonse y ap sige ak menm politik Donald Trump sou Kiba a
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm nan nou salye tout fanm Vanyan KOMOKODA yo epi tout fanm nan kominote a k ap goumen pou yon lòt jou ka jou