Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon lari a ap fè tout politisyen yo bat kò yo, chikin kò yo kòmkwa yo kanpe ak pèp la pandan dosye yo la pou montre se ak polis yo kanpe pandan tout karyè yo
Nou remèsye tout fanmi ki te rele seswa nan radyo a oswa nan telefòn pou salye mwen ak Roselyn nan okazyon 24 lannen maryaj nou
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Mobilizasyon pou manifestasyon December 12th Movement ap òganize devan City Hall nan Manhattan Vandredi 19 jen a midi
Gwo konpayi teknoloji yo (Facebook, Google, Microsoft, Verizon, AT&T) ap mete deklarasyon, kriye nan mouchwa yo pou George Floyd anmenm tan yo bay lapolis atravè Etazini tout zouti pou touye epi toupizi moun nwa ak malere nan lari a
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou gwo travay atis pent ap fè pou lonje dwèt sou rasism nan sosyete a nan mitan Fulton Street nan Bedstuy
Liy ouvè ak oditè yo
Anons