Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA jedi 12 janvye 2023, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan epi sou Vijil ti frè nou Menesky ak Alexandra òganize chak ane pou sonje viktim Goudougoudou yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a peyi Etazini ap selebre anivèsè nesans Martin Luther King Jr.; Nou jete dlo pou Vanyan an epi nou gade reyaksyon ti komik restavèk François Duvalier pou l te chache blofe moun apre sasinay la
Nouvèl:
-Dosye konpatriyòt Fritznel Richard yo jwenn kadav li friz sou fwontyè Etazini ak Kanada
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Pwopagann kan Hillary Clinton nan ki te vle fè konprann se mannigèt Larisi ki te bay Trump laviktwa nan eleksyon 2016 la demaske
-Li parèt menm jan ak Trump Joe Biden limenm tou li te pran yon kantite domikan sekrè peyi a (classified) li mete nan djakout li
Liy ouvè ak oditè yo