Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Ti pye zoranj; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Adan Antoine
Anons
Anplis Majistra NY la Eric Adams siyen dekrè pou anpeche otorite lavil NY la pran sanksyon, bloke envestisman kont Israel, msye siyen pou manifestasyon pa fèt devan sinagòg, legliz, ak moske
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; 2 sè Altagracia Michaela ak Macula k ap viv San Pedro de Macoris vin vizite li epi tou pote refleksyon yo nan dosye lanmò Ti Stephora Anne-Mircie Joseph
Nouvèl:
-Anbasadè Ayiti nan Washington nan Lionel Delatour te fete kèk manm ekip foutbòl Ayiti ki pral nan Koup dimond lan epi anonse gouvènman li te pase l lòd pou l pale ak Trump pou mande l gras pou Ayisyen ki pa p viv Ozetazini nan ka vin isit pou asiste match
-Prezidan Ikrèn nan Volodimyr Zelensky di vyèj timenn li li pa p siyen iltimatòm Gwo Moso Donald Trump prezante l pou lapè ak Larisi; Lafrans, Angletè, Almay di Zelensky kenbe djanm y ap kore bannann li; Trump di msye atansyon paske peyi sa yo pa gen dan nan djòl yo
-Nan okazyon Jounen Entènasyonal Kont Koripsyon ULCC pibliye yon rapò ki mande jije Michel Martelly, yon ansyen direktè FNE, Minis Spò aktyèl la, epi 2 anplwaye ISPAN
Kont frè nou Wilner Altidor te anrejistre: Ti Pye Zoranj
Ti komik Alix Didier Fils Aimé nan Misyon Kanada nan Nasyonzini pou mande sipò pou lajan ak sòlda pou fòs represyon gang nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou