Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 31 out 2022, 3pm-6pm, kont Etazini ak Nasyonzini pou denonse politik yo ki lakòz jenosid, lamizè, ak ekzòd nan peyi nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 5 out 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Jwèt olenpik lagè ak Larisi ap òganize ak plizyè peyi jiska 27 out nan Venezyela
-Homeland Security deklare y ap ogmante siveyans yo pou bloke zam k ap soti isit pou al Ayiti
-Rakont Caricom sou dosye Ayiti a nan Trinidad
-Legliz Episkopal mete yon deklarasyon deyò pou di yo pa p rantre nan dosye arestasyon Pè Frantz Cole
-Avoka Moneygram yo prezante nan dosye dola senkant lan ak 5 santim chak minit la epi yo mande jij la yon delè yon mwa pou yo bay premye repons yo
Liy ouvè ak oditè yo