Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Pyès Syto Cave - Fò Dimanch; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte 15yèm fèt selebrasyon Radio Omega a
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la ak fanmi endijèn nou yo, jedi 27 novanm nan Plymouth, MA
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Pati Kreyòl nan pyès Fò Dimanch - Syto Cave
Nouvèl:
-Gwo manif elèv nan Charlotte, NC kont politik rasis Donald Trump
-Konsèy Sekirite LONI vote 13-0 pou soutni pwojè Meriken pou konplètman domestike Palestinyen yo
-Gouv Meriken an kontinye ap sasinen sitwayen Venezyela nan ti kannòt ozalantou peyi yo epi NY Times di Trump boule gra; Plizyè vòl entènasyonal Venezyela kanpe apre anons FAA sou aktivite militè nan zòn nan
-Ekip Trump lan mete deklarasyon l deyò vandredi a pou di malgre ekip Iran ak Ayiti kalifye pou Koup Dimond, sitwayen peyi sa yo pa p ka rantre Etazini vin asiste match yo
-Yon jiri federal Meriken anonse enkilpasyon Sheila Cherfilus McCormick ak frè li Edwin Cherfilus; Pou di se pa kamyon revanj Donald Trump lan k ap vanse?
-Tribinal federal kondane ansyen manm Fugees Prakazrel Michel pou l pase 14 lannen nan prizon pou mannèv li fè pou kowonp sistèm eleksyon Etazini
-FBI arete 2 ti blan rasis yo di ki t ap monte yon konplo pou yo pran Lagonav, tchwe tout gason sou zile sa a epi mete tout fanm yo ak tout timoun yo nan esklavaj seksyèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons