Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nou pase son manifestasyon Solidarite Quebec-Haiti te fè mèkredi Premye mas 2023 pou make 19 lannen depi koudeta-kidnapin 29 fevriye 2004 la epi pou denonse wòl peyi Kanada nan jenosid Ayiti ap viv jodi a
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti epi ak frè nou Fritzner Pierre sou malfezans Kanada kont Ayiti epi sou enpòtans pou kominote a vin patisipe nan manifestasyon KOMOKODA jedi k ap vini an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gouvènman Biden nan mete nou chif deyò sou kantite Ayisyen ki ta apwouve nan pwogram yo fè pou pèmèt Ayisyen rantre Ozetazini
-Responsab CARICOM yo rankontre yè pou evalye rapò Premye Minis Jamayik la Andrew Holness fè sou delegasyon k t al Ayiti lendi pase
-Yves Jean Bart anonse l ap reprann pozisyon li alatèt Federasyon Foutbòl Ayisyen an
-Tribinal nan peyi Ekwatè akize ansyen prezidan peyi sa a Lenin Moreno kòm yon otorite pami 36 lezòt ki ta pran 76 milyon dola vèt anba tab pou fasilite konstriksyon yon plant idro-elektrik Lachin ta va bati
-Antant avoka lavil NY ak avoka plis pase 300 manifestan Black lives matter NYPD te arete apre sasinay George Floyd nan Mineapolis
-Biwo Nasyonzini sou krim ak dwòg pibliye yon rapò 47 paj sou zam dènye modèl k ap rantre Ayiti
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin