Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Vandredi Anba Tonnèl pou 19 out 2022
-Manifestasyon KOMOKODA anonse pou mèkredi 31 out 2022, 3pm-6pm, kont Etazini ak Nasyonzini pou denonse politik yo ki lakòz jenosid, lamizè, ak ekzòd nan peyi nou
Nouvèl:
-Nasyonzini debake 12 cha blende ann Ayiti; Li di yo pa la pou konbat ensekirite
-Deklarasyon Konsèy Sekirite LONI lage sou dosye Ayiti a lendi yè a
-4 depite Ameriken ki nan sa yo rele "Haiti Caucus" la ki ekri Joe Biden pou mande l nome yon Anvwaye Espesyal pou ranplase Daniel Foote
-Donald Trump mennen yon kanpay ki rive elimine Liz Cheney ki se pi gwo lènmi Repibliken li nan Chanm Depite Meriken an
-Leta Ayisyen bay konpayi entènèt Elon Musk la ki rele Starlink lese pase pou l koumanse pwojè pilòt nan peyi a
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou 135yèm anivèsè Marcus Garvey jodi a ki se yon jou sakre nan kalandriye UNIA (Universal Negro Improvement Association)