Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba: Rapò sou 14yèm Festival Kiba-Kreyòl la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Sispansyon "Program Biden" nan; "Lòbi Israel la fese do Depite Meriken Nwa Cori Bush atè; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Yon lòt fwa ankò nou remèsye oditè yo ki te pote kole nan konbit pou Festival Kiba-Kreyòl la
Gouvènman Meriken an anonse li mete yon kanpo sou "Pwogram Biden" nan akoz fwod moun k ap fè aplikasyon yo fè nan sistèm nan
Nouvèl:
-Apre Cynthia Mckinney, Jamaal Bowman, lòbi Israel la reyisi mete do Cori Bush, yon lòt depite Meriken Nwa ki pa deside mache nan lojik tout pou Israel la atè; Ki lè kominote nou an ap gen kapasite ak kouraj pou nou egzije politisyen lokal yo respekte enterè kominote nou an