Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ranmase sou dènye enfo nan dosye imigrasyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase nou sou dènyè nouvèl imigrasyon yo nan peyi Tazini: Trump pase lòd pou moun pwogram Biden yo ki pa gen yon lòt dra pou kouvri yo kite peyi a imedyatman ak menas amand mil dola chak jou yo rete nan peyi a; Mobilizasyon milyon moun samdi a nan kad "No Kings Day"; Anba presyon gwo baron agrikilti, faktori vyann yo, otèl yo, ak restoran yo, Trump di ICE pa pase nan zòn sa yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Supreme Court Meriken an alinanimite voye jete dosye 10 milya dola Meksik kont biznis k ap fabrike epi k ap vann zam yo
-Repibliken yo nan Kongrè Meriken an deside fèmen HAUP, Haitian Bridge Alliance ak Catholic Charities pou sipò yo bay imigran
-Kanpay majistra NYC - Kominote nou blije elimine Eric Adams ak Andrew Cuomo
-Israel ak Etazini finalman atake Iran; Bò isit la nou di yo rantre toujou dous, se sòti a ki anpil fwa konn pa fasil
-Nou mande kominote a angaje l nan batay pou n rive fèmen bwat fatra k Haiti Liberte a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons