Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ranmase sou pelerinaj 100 lannen Malcolm X lan; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Yon segman espesyal Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura sou Konstitisyon Enperyal 20 me 1805 lan; Kèk atik kle nan Konstitisyon an ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou pelerinaj nou te fè yè lendi 19 me a nan simtyè Ferncliff nan Hartsdale, NY pou n t al rann omaj ak Vanyan Malcolm X nan okazyon 100 lannen nesans li
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Segman espesyal sè nou Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pou l ankouraje oditè yo patisipe nan aktivite y ap òganize Vandredi swa nan Zoom ak enfòmasyon pou fanmi ki gen TPS yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Segman espesyal nan okazyon 220 lannen Konstitisyon Enperyal 20 me 1805 lan