Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park 2023 k ap fèt samdi 12 out soti 1pm nan Prospect Park Lakeside (Lakou Granbwa) - Rantre Parkside Ave ak Ocean Ave nan Brooklyn nan
Fòs ak Kouraj pou frè nou Vilcere Romulus ki pèdi ti sè li Jessie Romulus; KOMOKODA antoure li ak fòs nou, ak kouraj nou, ak lanmou nou
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Plizyè òganizasyon dwa moun rele anmwe kont desizyon Meriken pou l chwazi Kenya kòm peyi k pou dirije fòs entèvansyon militè ann Ayiti a
-Donald Trump al tonbe anba men yon jij grenn kraze sou dosye 6 janvye a, Jij Tanya Chutkan; Jwèt la make prizon
-Finalman Washington Post rekonèt Joe Biden te bay manti lè l te di l pa t okouran biznis anba tab Hunter ak Lachin ak Burisma
-Sheila Oliver, premye fanm nwa ki te gen wòl Lyetnan Gouvènè eta New Jersey mouri sanzatann madi Premye out la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons