Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA, Midi pou 3pm, jedi 12 janvye 2023 a, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan
Jodi 10 janvye 2023 a fè 13 lannen depi frè nou, militan Daniel Simidor (André Elisée) fè travèse li; Nou jete dlo pou fanmi an:
-Mèt Bano (Ernest Banatte)
-Ougan Maxime Lorismé
-Marty Goodman
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Peyi Brezil anonse yo depase 1,500 arestasyon apre deblozay patizan Bolsonaro yo te fè sou Palman an, Palè Jistis, ak Palè Nasyonal peyi a; Reyaksyon ki soti atravè lemonn; Nou ri Lula ki kondane tantativ koudeta li di ki fèt lakay li pandan mwa pase a li te kouri pote sipò li ak koudeta Ameriken te fè nan peyi Pewou kote jouk jodi a Prezidan Pedro Castillo nan prizon
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Depi koumansman mwa Novanm (anvan eleksyon mitan manda Biden yo) otorite peyi a te jwenn dokiman sekrè gouvènman Meriken an nan dosye prive Joe Biden men yo te kache koze a; Se kounyè a pawòl la koumanse pale; FBI te debake lakay Trump nan Mar-a-Lago men se nan griyen dan koze Biden nan ap regle: Se sa k rele 2 pwa, 2 mezi
-Gwo rankont Trudeau, Biden, ak AMLO (Kanada, Etazini, ak Meksik) k ap fèt aktyèlman nan peyi Meksik
Liy ouvè ak oditè yo
Anons