Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nan okazyon 10 lannen depi travèse Vanyan Hugo Chavezm nou jete dlo pou sa li te pote
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou dosye Kanada ak Ayiti:
-Pi gwo jeneral Kanadyen an Wayne Eyre di peyi li pa an mezi mennen operasyon militè ann Ayiti
-Teyat sou dosye Ayiti a nan OEA yè Mèkredi a
-Deklarasyon Ti Justin pou di se pa yon solisyon militè etranje k apral rezoud pwoblèm Ayiti
-Vizit Joe Biden Kanada semèn pwochèn
Manifestasyon Ottawa jodi a pou denonse krim sòlda Kanadyen nan Somali
Jounal Haiti en Marche vire manifestasyon KOMOKODA 9 mas la lanvè; Sa sa vle di?