Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 9 avril 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nouvèl:
-Pandan tout je fikse sou jijman polisye Derek Chauvin ki te sasinen George Floyd, yon lòt polisye blan touye Daunte Wright, yon jèn gason nwa 20 lannen
-Òganizasyon RNDDH pibliye yon rapò sou dènye masak gwoup G9 la ta fè nan Bèlè 31 mas ak Premye avril ki sot pase a
-Jounal Haiti Liberté tanmen yon kanpay pou fè Jimmy "Babekyou" Cherizier ak gwoup asasen, kidnapè, kadejakè G9 yo pase pou konbatan lalibète
-Fwa sa a se legliz katolik ki yon lòt fwa ankò viktim kidnaping
-15 me 2021 an se delè pou tout moun ki gen sousi pou enfòmasyon prive yo ak lis kontak ki nan telefòn yo vire do bay Whatsapp
Ti koze ak Brother Atiba Williams, yon fanmi k soti nan zile St Vincent ak Grenadines sou dega vòlkan ki eksploze Vandredi a fè nan peyi sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Create your
podcast in
minutes
It is Free