Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nou bay lis fanmi k ap chache kay pou lwe ak kay pou vann ak fanmi k genyen kay pou lwe epi pou vann
Nouvèl:
-Akoz Kovid-19 la Gouvènman Meriken an ranwyaye dat limit pou moun k ap viv Ozetazini ranpli enpo yo (income tax) pou 17 me olye de 15 avril ki se dat abityèl la
-Yè 12 avril la se te premye jou moun ki te fè lantèman yon fanmi akoz Kovid-19 la te ka rele nimewo telefòn 844-684-6333 pou ranpli aplikasyon FEMA pou leta ranbouse yo jiska $9,000 nan lajan yo te depanse pou lantèman sa a
-Dezyèm tou eleksyon fèt nan peyi Ekwatè dimanch ayè a; Moun ki t ap konte vòt yo fè konnen se kandida ladwat la Guillermo Lasso ki pote laviktwa ak 52% vòt yo
-Polisye ki sasinen Daunte Wright nan Brooklyn Park nan Minesota fè konnen se yon erè li fè: lè l rale zam nan li te konprann se "taser" a ki te nan men li
-Leta NY anonse li mete 2.1 milya dola akote pou ede moun ki pa gen papye ki pèdi djòb yo pandan Kovid-19 la chak ta ka jwenn jiska $15,600; Nou di fanmi nou yo ki pa gen papye, pinga!
Ti koze ak aktivis Anthony Beckford ki kandida pou ranplase Farah Louis nan "City Council" New York la pou 45yèm district la
Create your
podcast in
minutes
It is Free