Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
KOMOKODA voye fòs ak kouraj pou Prezidan Aristide ak fanmi li nan okazyon travèse manman li, Madam Solange Pierre Louis Aristide, nan Florid; Nou swete Titid reprann fòs li san pèdi tan pou l rekanpe sou 2 pye militè l
Nou remèsye fanmi yo ki rele nou pou yo achte liv Prince Tiecoura a; Nou rete yonn
Mobilizasyon pou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè jedi Premye jiyè
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye sè nou Rheza Boucard Gonzalez ki pèdi mari li Armando Gonzalez
Nouvèl:
-Nou gade rezilta ki soti pou eleksyon lokal ki plis konsène kominote Ayisyen an nan Brooklyn nan epi kalandriye pou rezilta ofisyèl yo soti
-Jij Peter Cahill ki te chita sou jijman Derek Chauvin nan deside bay msye 22 zan edmi nan prizon kòm pinisyon
-Enstitisyon Financial Action Task Force ajoute Ayiti nan lis peyi k ap lave lajan yo
-Yon gwo bilding 12 etaj ak moun k ap viv ladan l efondre Jedi maten a 1è dimaten nan Surfside nan Florid
-Reginald Boulos reponn ULCC ki deside mande bank nan peyi a bloke lajan li; li tou fè nou konnen jan limenm ak bizawèl li yo t ap boule lajan LONA nan konplisite ak vòlè PHTK yo
Liy ouvè ak oditè yo
Joe Biden voye lame li al lage bonb sou peyi Siri
Create your
podcast in
minutes
It is Free