Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou pèp la anndan peyi a ki kenbe beton an cho
Mobilizasyon pou manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè lendi 17 oktòb nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Konbit pou oditè yo sipòte emisyon an epi remèsiman pou fanmi ki pote kole yo
Ti koze ak konpatriyòt Jean Paul Bastien ki se manm òganizasyon Konbit ki fè pati Mouvman Leve Kanpe pou yon lòt Endepandans
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
--atak sèvis sekrè Ikrèn sou pon ki konekte Larisi ak Krime a
--Putin mete Jeneral Sergei Surovikin ki te responsab operasyon Lasiri yo alatèt batay nan Ikrèn nan
--Granm ti maten jodi lendi a Surovikin lage yon santèn misil sou divès pwen teritwa Ikrèn
-Beton an cho lakay; Drapo Larisi, Lachin, ak Venezyela ap flote Pòtoprens, Okay, ak Gonayiv
-Jedi a ti komik yo rele lidè eli Haitian American yo ki sanble anba banyè NHAEON te fè konferans pou laprès nan divès Eta Ozetazini pou yo mande papa yo Joe Biden tanpri "sove" Ayiti
-Jwèt lanmou Benè Ariel ap jwe ak Babekyou nan Vare
-Papye minis Ariel yo siyen an pa gen okenn rapò ak pèp Ayisyen an
-Mezanmi finalman tout moun ap pale Kreyòl - Ti komik Ariel, Akò Montana, Preyidan Montana Fritz Jean, ata zanmi nou Fayette nan Haiti Premiere Classe resi fè editoryal li an Kreyòl dimanch maten an
-Repiblik Dominikèn di kèlkeswa sa k pase ann Ayiti li pa p aksepte refijye Ayisyen
-Konsèy Minisipal lavil NY la ap diskite yon pwopozisyon lwa ki rele "No More 24" pou moun k ap fè travay "Ti Granmoun" ta touche pou tout tan travay yo olye yo ta touche senpman pou 13èd tan lè yo fè "dòmi leve"
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè lendi 17 oktòb nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Create your
podcast in
minutes
It is Free