Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou Town Miting KOMOKODA fè yè apremidi nan lokal Flanbwayan an nan Brooklyn
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Anpil pawòl sou sa k ta yon tantativ koudeta "Gwoup Wagner" a nan peyi Larisi; Antant pou ekip Wagner a ale Belarus; Dosye a parèt fini men li panko fini
-Kanada anonse sanksyon sou 4 lòt moun nan peyi a yo di k ap bay pwoblèm; Lis yo a kounyè a rive nan 25
-Jij Morin mete manda arestasyon kont Fednel Monchery apre msye boude yon randevou Vandredi a
-Manifestasyon kont Ariel Henry nan vil Pari
-Ariel di l fè gwo rankont etan l te nan fowòm ekonomik Macron an nan peyi Lafrans
-Minis Afè Etranjè Kanada ak Jamayik yo òganize yon reyinyon anndan 53yèm OEA a sou dosye Ayiti a
-Bagay la cho pou pòtpawòl Pentagon nan ak pòtpawòl Mezon Blanch lan sou dosye koripsyon fanmi Biden nan ak paspouki Depatman Lajistis parèt ap fè pou Hunter Biden
-Plizyè depite Meriken nan Pati Repibliken an di yo tanmen ankèt ki pou ta mennen nan "impeachment" Attorney General la Merrick Garland
-Depite Meriken dorijin Ayisyen an Sheila Cherfilus-McCormick la di anyen pa ka bouje nan peyi nou san pa genyen yon fòs entèvansyon militè etranjè; Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonzalves limenm li di se èd imanitè Ayiti bezwen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free