Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Devlopman nan dosye leve kanpe Gwoup Wagner nan Larisi
-Malgre plizyè enkilpasyon Donald Trump kontinye ap vale teren nan lis kandida pati Repibliken an; Msye DeSantis ap dedouble pou l wè ki jan l ka parèt pi rasis, pi anti imigran pase Trump
-Yon endividi yo idantify kòm yon minis peyi Senegal ki t al nan rankont Macron an pran anpil pataswèl apre l ta frape yon opozan nan mitan lari Pari
-Ansyen alatèt Gwoup 184 la epitou sipòtè gang Labanyè ki t ap soutni koudeta 2004 la mete deklarasyon l deyò pou l demanti sanksyon Kanada mete sou li
-Yon gwo trajedi evite nan lantèman jèn jounalis epi etidyan Danaica Duplan ki te tiye tèt li lè gran frè li Joveny Duplan ki nan UDMO rale yon zam pou l te touye tèt li tou
-Yonn apre lòt, yon seri gwo bwa nan sosyete ap ap vin reponn kesyon Jij Wasser Walter Voltaire sou dosye Jovenel Moise la; Ansyen Premye Minis Joseph Jouthe di si se li k te opouvwa 7 jiyè 2021 se sou kadav li pou yo ta pase pou y al tchwe vòlè apatrid Jovenel Moise
-Òganizasyon dwa moun CARDH bay bilan Bwa Kale pou mwa k soti 24 me pou rive 24 jen
-Prezidan Belarus la Lukashenko di yon jounalis BBC ki t ap ba l yon entèvyou kote l denonse awogans ak ipokrizi Loksidan epi l di yo al grate kote k ap grate yo a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free