Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou atik Lakwa Wouj Meriken pibliye nan Miami Herald kote y ap mande lajan pou yo ede moun ann Ayiti; Ala yo san wont
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Jodi a se anivèsè nesans fondatè Wikileaks la Julian Assange; Manifestasyon nan Times Square epi divès lòt vil atravè lemond pou ekzije liberasyon li
-Alavèy rankont Konsèy Sekirite LONI pou evalye mande BINUH an Sekretè Jeneral Nasyonzinin an Antonio Guteres fè yon ti kout pye ann Ayiti pou l al bat tanbou pou entèvasyon militè nan peyi nou
-"Ekspè" sou dwa moun Nasyonzini mete sou dosye Ayiti a William O'Neill bay bilan sejou 10 jou li fè ap virewon nan peyi a; Nou bezwen konnen kouman fè Izo, Babekyou, Vitelòm, Lanmò Sanjou oswa Grangrif pa kidnape li; Jwèt la sanble l gen koken ladan l
-Peyi Mali ekzije Nasyonzini wete fòs entèvansyon MINUSMA lakay yo
-Leve kanpe toupatou anfrans epi nan lòt peyi ann Ewòp apre lapolis touye yon jèn mizilman 17 an ki rele
-Gadkot Kaykòs ak Gadkòt Bahemyen bloke yon batiman kanntè ak 189 Ayisyen ladan l
-Peyi Meksik anonse yo deja genyen plis pase 25 mil Ayisyen pou ane 2023 ki mande pèmisyon pou yo viv lakay li; Anplis yo di 98% nan Brezilyen ak Chilyen ki aplike tou se pitit Ayisyen ki fèt nan peyi sa yo
-Pou make 2 lannen depi sasinay jounalis Antoinette Duclair ak Diego Charles, fanmi yo pote plent lajistis
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free