Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
-6-7 jiyè 2018; istoryen yo di nou se yon pi gwo dosye/evènman ki pou fè yon pèp bliye yon gwo dosye/evènman
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Diplis nou ranmase nan tout pil ak pakèt repòtaj sou sasinay vòlò apatrid Jovenel Moise
-Lènmi nou yo soti pou fè Pastè Gregory Toussaint pase pou ti frè Martin Luther King Jr.
-Larisi admèt Vladimir Putin te konvoke Prigozhin ak tout etamajò Wagner a nan Kremlin nan 29 jen pou yon gwo reyinyon wòdpòte
-LOTAN ap reyini nan vil Vilnius nan Litouwani pou reyinyon anyèl li; Zelensky mande zam, plis zam, plis plis zam pou l rive fese do Vladimyr Putin atè
-Chèf deta CARICOM yo mete deklarasyon 45yèm rankont yo a deyò kote yo anbwase ajannda Meriken an; Myrtha Desulmé ekri yon tèks pou l di se vann yo vann konsyans yo pou avantaj Meriken ak Nasyonzini ofri yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free