Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Envite nan magazin semèn sa a se Colette Lespinasse responsab Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) Divès pwen abòde nan emisyon sa a tankou: Pwoblèm migrasyon an ki rete yon defi pou leta leve pou ayisyen sispann al pase mizè nan lòt peyi san papye nan Antiy yo, Brezil, Sendomeng, Etazini . Envite a pale tou sou karaktè dirijan nou yo pa janm genyen pou se ayisyen ki deside politik peyi a.
Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, w Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org.Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Create your
podcast in
minutes
It is Free