Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Nan Magazin semèn sa nou gen plizyè viktim rejim Duvalier a kap pale nan okazyon 7 Fevriye pase a ki make 28 lane depi rejim sa te tonbe, pandan viktim yo kontinye viktim toujou ak retou Duvalier nan peyi kap mache libelibè. Yon lòt kote nan Ti Boukan nan Gresye Institi teknolojik ak Animasyon remèt 400 kle kay bay plizyè viktim tranbleman tè 12 Janvye 2010 la.
Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, w Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org
Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Create your
podcast in
minutes
It is Free