Chwazi lavi se yon emisyon SAKS pwodwi ki gade pwoblèm anviwònman nan tout dimansyon l. Nan seri emisyon sa a yo, nou gade ak envite yo defi anviwònman ap mete devan nou chak jou epi gade ki konpòtman nou dwe genyen ak lanati. Nan emisyon semèn sa a, SAKS chita pale ankò ak enjenyè agwonòm Dorine Jean Paul ak John Décipé sou konsekans chanjman klimatik la. Ou kapab li sa SAKS ekri tou sou www.saks-haiti.org
view more