Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite a nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Pou semèn sa a magazin 4 Je kontre trennen mikwo l nanlari a pou gade kijan kèk moun nan popilasyon an tankou machann ak moun k ap achte chak chak jou sou kesyon Lavichè a. Dapre yo, pa gen otorite nan peyi a. Se Bondye sèl ki ka retire yo nan sa nou ye la a.
Magazin sa a pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org