Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite a nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Pou semèn sa a magazin 4 Je kontre ap fè ou tande divès entèvansyon ki te fèt nan okazyon lansman mwa Kreyòl la ak kèk manm Akademi Kreyòl Ayisyen an epi direktè Saks la Ary Regis.
Magazin sa a pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org