Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite a nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Pou semèn sa a magazin 4 Je kontre pale sou sa kap pase nan faktori yo ak leve kanpe plizyè sendika ouvriye kap reklame 800 goud kòm salè minimòm. Nou te pale ak Yanick Etienne ki se youn nan dirijan Batay Ouvrye.
Magazin sa a pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org