Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki pèdi kouzen li, Msye Raoul Lindor; Nou salye ti sè nou Nadine Joseph ki pèdi granmè li, Madam Elizabeth Joseph; Epi nou salye fanmi frè nou Saint Jean Baptiste ki pran devan, nou dèyè
Nouvèl:
-Demokrat yo nan Washington wete DACA sou tab negosyasyon bidjè peyi a
-Trump nome Mike Pompeo pou ranplase Tillerson epi l nome Gina Haspel pou ranplase Pompeo alatèt CIA, yon bann tèt kòk bounda pentad rele anmwe
-Ti diplis sou gradyasyon inivèsite Fondasyon Aristide la ki fèt dimanch 18 mas la; ti moso tou piti nan diskou Prezidan Aristide te fè nan aktivite a; Sanble gradyasyon an ak diskou a pike gouvèlman restavèk la paske nan landemen lendi 19 mas Ministè Sante Piblik pran mikro pou denonse yon seri lekòl yo pa bay benediksyon k ap bay etidyan diplòm
Liy ouvè ak oditè
Create your
podcast in
minutes
It is Free